Interprete :
GRACIA DELVA
Langue : Créole
Genre : Compas
Compositeur : Serge Descard
Année : 2008
|
|
Texte :
(Linyon fè la fos ! Yan)
Batiste'n dechire (Si'w we sa)
Memwa nou efase
Nou bliye n'te boule
Nan jwe avek dife (Ou konprann)
Nou kouri janbe dlo
Si'n te ka chanje po
Nou fin tounen vye zo
Men nou pa jwenn repo
Nou fe konfyans
Bay dezyem chans
Nou femen je'n
Nou fe piti ... sa pa sifi
Nou lave men'n
Nou bay legen
Fe maryonet
Grenen tenten
Mouvman kreten
Nou fe kapon
Pase chifon
N'met ajenou
Rele papa ... Men malgre sa
Nou pran souflet
Nou di se jwet
Nou kenbe ke
nou pran poz ri
Men nap soufri
Ala traka, kot sa prale !
Tous les jours l'union fait la force !
Konpa konpa konpa e! e!
Nou telman we move tan
Nou bliye nou bliye griyen dan
Nou telman we lavi di
Menm mepri nou vinn genyen pou la vi
Nou telman we move tan
Men se tankou yon bato nan move tan...
Nou telman we lavi di
N'ap soufri et nou toujou nan kouri ...
Nou telman we move tan
Papa bondye kot sa prale...
Nou telman we lavi di peri
M'prale wi menmen'm !
No more fighting
No more killing
Peace and Love
Nou pran pikwa
(anyen pa chanje)
Nou pran beton
(anyen pa chanje)
Nou pran lafrik
(anyen pa chanje)
Nou pran lanme
Nou pran lari
Nou pran katouch
(anyen pa chanje)
Kijan pou'n kanpe ato
(pou sa ka chanje)
Kisa pou mwen pran ato Maman
(Pou sa chanje)
Nou pran pikwa
(anyen pa chanje)
Nou pran beton
Yo ban'n baton
Statu Quo ! Yes!
Nou pran lafrik
(anyen pa chanje)
Nou pran konsyans
Nou pran pasyans
Nou men'm pran chans
(anyen pa chanje)
Kijan pou'n kanpe ato
(Pou sa ka chanje)
Kisa pou nou pran ato
(Pou sa chanje)
Si'n leve je'n na we
kot soleyl la fèzè
li ki pou dirije'n
se limye verite
lavi se libete
verite dignité
Toujou konbat pou sa
Ak lanmou ak lafwa!
Peace and Love!
Poster par : DivxYoda
|
|